CHÈMANN KOMISYON KONSÈY LEKÒL PERLA TABARES HANTMAN MIAMI – Chanm Komès Sid Florid chwazi Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Miami- Dade County Perla Tabares Hantman pou l resevwa Prim Lidè Ispanik nan kategori Prim Edikasyon Prezidan an. Yo ap prezante prim nan pandan konferans òganizasyon an vandredi 22 mas 2013 a 11:45 dimaten nan Doral Golf Resort and Spa ki lokalize nan 4400 N.W. 87 Avenue, Doral, FL 33178. Se Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ki pral prezantè prensipal pou evènman an. Yo ap rekonèt Madan Hantman pou kapasite lidè li nan tout domèn edikasyon. Li ap resevwa onè sa a akoz gwo konba li pou dwa fanm, elèv ak minorite. Kapasite lidè li se yon enspirasyon pou tout kominote Miami-Dade la.
### 13-JS/037/GC/RL
|