POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 28 fevriye 2013

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL POU ETID AVANSE RANPÒTE KONPETISYON 2013 MIAMI-DADE COUNTY “MOCK TRIAL” (ANTRÈNMAN PWOSÈ) E AVANSE NAN ETA A

Ekip Antrènman Pwosè “School for Advanced Studies’ (SAS)” (Lekòl pou Etid Avanse) resevwa premye plas resamman nan konpetisyon Lekòl Segondè Distri Miami-Dade County.  Yo te fè final la nan Tribinal istorik Miami-Dade County a, kote SAS pote viktwa sou Lekòl Segondè Law Enforcement Officers Memorial nan demi-final la e sou Our Lady of Lourdes nan dènye tou a, ki fè yo jwenn opòtinite pou reprezante county a nan eta a.

Nan yon espas de semèn, ekip SAS la te fè konpetisyon avèk plizyè lekòl segondè nan Miami-Dade County, jiskaske li pote viktwa sou Our Lady of Lourdes, chanpyon ki t ap reye nan distri a depi plizyè ane. Ekip SAS la te avanse nan Konpetisyon Antrènman Pwosè Eta a ki pral fèt 6 a 8 mas 2013 nan Orlando.

Ekip SAS la te gen ladan elèv ki ap suiv yo:
1.) Lisset M. Pino-Ros “Lead Prosecution Counsel” (Avoka Anchèf Akizatè)
2.) Jennifer Mosquera “Lead Defense Counsel/Witness” (Avoka Anchèf Defans)
3.) Nicole Matamala (Avoka)
4.) Nicole Cabanez (Avoka)
5.) Krystal Hernandez (Premye Temwen)
6.) Angelica Krauss (Temwen Segondè)
7.) Regina Monge (Temwen Ekspè)
8.) Aaron Zahoran (Temwen Ekspè)
9.) Jessica Vallori (Asistan Egzekitif Antrenè)
10.) Dario Nunez (Avoka Altènatif)
11.) Rebecca Lester (Avoka Altènatif)
12.) Jonathan Zalkin (Temwen Altènatif)
13.) Nicole Fierro (Temwen Altènatif)
14.) Jesus Martinez (Temwen Altènatif)
15.) Crystal Quach (Chèf Uisye Jistis)
16.) Demy Alfonso (Uisye Jistis)
17.) Natasha Durkee (Uisye Jistis)
18.) Briana Paiewonsky (Uisye Jistis)

Patwonè Ekip la se te Dtè. Derrick Johnson, yon pwofesè gouvènman Ameriken AP (Plasman Avanse) nan lekòl la. 

# # #

 

13-JJS/039/DF/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès