POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 27 fevriye 2013   

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

TWOUP BASKÈTBOL HARLEM GLOBETROTTERS PRAL VIZITE LEKÒL ELEMANTÈ PALMETTO AVÈK PWOGRAM “ANTI-BULLYING” (KONT-NUIZANS)

Etwal Harlem Globetrotters Special K Daley pral nan Lekòl Elemantè Palmetto jedi 28 fevriye a 1:30 nan aprèmidi pou prezante ABC Prevansyon kont Nuizans ekip la – nan itilize Action (Aksyon), Bravery (Bravte), e Compassion (Konpasyon) pou konbat nuizans.  Lekòl la lokalize nan 12401 South West 74th Ave., nan Pinecrest.

Yon natif-natal Panama, Kevin "K espesyal" Daley, ki bileng, nan Miami anvan jwèt Globetrotters la nan American Airlines Arena dimanch pwochen.

Pandan pwogram lekòl la, lè K Special mande pou volontè, elèv yo pral gen yon sipriz espesyal - yon vizit "Amos the Wonder Horse,” (Amos Cheval Espektakilè), yon cheval ti tay 12 an, ki jwe baskètbòl. Amòs, ki koni pou travay terapi ak jèn atravè Sid Florid, se anbasadè bòn volonte Globetrotters e souvan rankontre ak yo nan vizit yo pou sispann nuizans nan lekòl.

Yo rekonèt Globetrotters kòm "Anbasadè Bòn Volonte" original la ki prezante pwogram kont nuizans nan 400 lekòl nan tout peyi an ane sa a.

###

13-JS/040/HD/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès