FOR IMMEDIATE RELEASE
Jedi 14 mas 2013

CONTACT: John Schuster
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1126

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY RESEVWA YON REKÒ 35 PRIM MERIT NASYONAL LEKÒL MAGNÈT

Magnet Schools of America (MSA) (Lekòl Magnèt Ozetazini) rekonèt 35 Lekòl Magnèt Lekòl Leta Miami-Dade County pou angajman yo nan estanda akademik ki wo, inovasyon nan kourikoulòm, siksè nan efò pou desegrasyon/divèsite, pwofesè espesyalize, ak patisipasyon paran nan kominote a.  Okenn lòt distri lekòl pa janm resevwa kantite prim sa yo nan yon sèl ane lekòl, e pou dezyèm ane konsekitif, M-DCPS depase pèfòmans tout lòt distri lekòl nan tout peyi a ak yon gwo eka.

Ane sa a lekòl leta Miami-Dade te pami 94 lekòl nan tout peyi a pou te resevwa prim dezirab Lekòl Magnèt Ekselans la.  Nan kategori pou Lekòl Magnèt Distenksyon, Distri a te gen 17 lekòl pami 121 gayan nasyonal.

MSA se yon òganizasyon nasyonal ki reprezante plis pase 4,000 lekòl ak pwogram magnèt, ki rekonèt lekòl magnèt chak ane.  MSA te chwazi tou Lekòl Mwayen Herbert A. Ammons kòm youn nan lekòl magnèt nan peyi a ki bay meyè pèfòmans.  Lekòl Mwayen Ammons se youn nan senk lekòl nan tout peyi a ki t ap fè konpetisyon pou prim dezirab “Dr. Ronald P. Simpson Distinguished Merit Award” (Prim Merit Distenge Dtè. Ronald P. Simpson). Yo ap anonse prim nan an me nan konferans nasyonal MSA nan Tulsa, Okla.

LEKÒL MAGNÈT EKSELANS

  • Ada Merritt K-8 Center
  • Coral Reef Senior High School
  • Dr. Henry E. Perrine Academy of the Arts
  • Frank C. Martin K-8 Center
  • Herbert A. Ammons Middle School
  • Howard D. McMillan Middle School
  • iPrep Academy
  • Jose Marti MAST 6-12 Academy
  • MAST Academy
  • Medical Academy for Science and Technology Senior High School (MAST @ Homestead)
  • Miami Coral Park Senior High School
  • Norland Middle School
  • Phyllis Ruth Miller Elementary School
  • South Miami K-8 Center
  • Southwood Middle School
  • TERRA Environmental Research Institute
  • William J. Bryan Elementary School
  • Young Women’s Preparatory Academy

LEKÒL MAGNÈT DISTENKSYON

  • Coconut Palm K-8 Academy
  • Design and Architecture Senior High
  • George Washington Carver Middle School
  • Hammocks Middle School
  • International Studies Preparatory Academy
  • Joella C. Good Elementary School
  • John F. Kennedy Middle School
  • Jorge Mas Canosa Middle School
  • Law Enforcement Officers Memorial High School
  • New World School of the Arts
  • Robert Russa Moton Elementary School
  • South Miami Senior High School
  • Shenandoah Middle School
  • Southside Elementary School
  • Southwest Miami Senior High School
  • Sunset Elementary
  • W. R. Thomas Middle School

 

# # #

13/JS/041/HD/SD

Back to News Releases