POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 1ye mas 2013

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KOMINOTE SANT K-8 KEY BISCAYNE, PARAN AK ANPLWAYE REJTE AK YON GWO MAJORITE KONVÈSYON LEKÒL LA AN “CHARTER”

Paran ak anplwaye Sant K-8 Key Biscayne te vote Jodi a pou desise si pou yo tounen yon lekòl charter e mezi a echwe ak yon gwo majorite.  Nan kòmansman janvye 2013, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te resevwa yon lèt nan men paran ki te mande yon vòt pou konvèti Sant K-8 Key Biscayne pou tounen yon lekòl charter.  Daprè Lalwa Florid, yo te mande M-DCPS pou inisye pwosesis bilten an nan espas 60 jou pou detèmine si gen sipò.

Te gen 899 paran ak 84 pwofesè ki te elijib pou patisipe nan pwosesis vòt la.  Pami tout votè elijib yo, 566 (63%) paran ak 84 (100%) pwofesè te vote.  Rezilta vòt la endike ak yon gwo majorite yon mank sipò pou konvèti Sant K-8 Key Biscayne pou tounen yon lekòl charter.  Règ Komisyon Konsèy Lekòl 6A-6.0787, F.A.C., deklare yo ka inisye sèlman yonsèl vòt konvèsyon nan yon ane lekòl.  

Sipò pou Konvèsyon

VÒT

Wi

Non

Paran

31

5%

533

94%

Pwofesè

0

0%

84

100%

 

###

13/JS/042/GC/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès