|
MIZE MAGNÈT LEKÒL ELEMANTÈ W.J. BRYAN RESEVWA DON NAN MEN “THE VILLAGERS” (VILAJYE YO), “TOOL BOX FOR EDUCATION” LOWE’S Lekòl Elemantè W.J. Bryan resevwa don $8,800 nan men the “The Villagers” ak $5,000 nan Pwogram “Tool Box for Education” Lowe’s (Bwat Zouti pou Edikasyon). Fon yo prale pou restorasyon podyòm ak oditoryòm istorik lekòl la, e tou kreyasyon yon espas pou egzibisyon. Yo deziyen Lekòl la ki lokalize nan 1201 N .E. 125th St., nan North Miami, kòm yon moniman istorik e yo te prezante li wotman pandan jounen Eritaj Dade yo. Efò renovasyon sa a ap ofri elèv yo opòtinite pou obsève konsèp plan orijinal yon estrikti istorik e konprann enpòtans prezèvasyon. Pwojè sa a vin yon enstriman pou gide fiti generasyon an e ankouraje yon sans inite, entegrite, ak fyète nan kominote nou an. Mize Magnèt Lekòl yo fòme patenarya solid ak mize lokal nan zòn nan e enstitisyon kiltirèl yo nan Miami-Dade County. Edikatè mize yo travay kòt-a-kòt avèk pwofesè salklas yo, nan konekte yon kourikoulòm ki baze sou estanda avèk objè e atizay nan mize respektif yo e tou, yo vizite building ak andwa istorik atravè county a. Kourikoulòm entegre sa a ki vize premyèman, enstriksyon ki baze sou objè-ak-pwojè, aksantye sou rezoud pwoblèm, kominikasyon, eksplorasyon, envansyon ak ankèt atravè vizit kontinyèl nan mize ak enstitisyon kiltirèl yo.
### 013-JS/045/HD/SD
|