POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 19 mas 2013        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS AP FÈ YON ODYANS PIBLIK SOU ETID INEGALITE

Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè yon Etid sou Inegalite e li envite tout moun ki enterese nan yon odyans piblik. Etid Inegalite a pral revize itilizasyon “Minority- and Women-owned Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minoritè ak sa Fanm Posede) pou Distri Lekòl Leta Miami-Dade County.

Etid la pral egzamine: akizisyon sèvis konstriksyon ak sèvis pwofesyonèl ki gen rapò ak konstriksyon e plan konstriksyon pou Distri a, pratik soutretans kontraktè prensipal ki fè biznis avèk Distri a, ak istwa reyèl ki soti nan diferan seksyon fim M/WBE ak non-M/WBE.

Objektif odyans piblik la se pou jwenn temwayaj ak istwa sou eksperyans sèvis nan men fim pwofesyonèl ki gen rapò ak konstriksyon e plan konstriksyon ki ap travay avèk oubyen ki ap chèche travay nan Lekòl Leta Miami-Dade County.

KILÈ:              Mèkredi 3 avril 2013
                        6è – 8è diswa

KI KOTE:      Miami Jackson Senior High Auditorium
1751 N.W. 36th Street, Miami, FL 33142

AVI POU MOUN KI GEN ANDIKAP: Moun ki gen andikap ki gen entansyon patisipe nan aktivite sa a e ki ka bezwen èd oubyen sèvis  siplemantè tankou entèprèt pou moun ki soud oubyen ki gen pwoblèm tande, lektè, gwo lèt oubyen “Braille” (ekriti pou moun ki pa wè), e yo mande tou pou moun ki pa pale Anglè ki ka bezwen asistans kontakte Vernetta Mitchell nan 704-531-4099.

Endividi oubyen mèt biznis ki gen kesyon oubyen kòmantè sou etid sa a ka kontakte Vernetta Mitchell, MGT of America, Inc., nan 704-531-4099, oubyen Vmitchell@mgtamer.com.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Michelle Hicks-Levy, Kowòdinatè II, nan 305-995-3003, oubyen nan mhicks-levy@dadeschools.net.

 

###

13-JS/046/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès