POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 12 mas 2013    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SANT K-8 LEEWOOD SE YOUN NAN SENK GAYAN GRAN PRIM KONPETISYON SAMSUNG “SOLVE FOR TOMORROW” (SOLISYON POU DEMEN)!

Lekòl leta nan California, Florida, Minnesota, New Mexico, ak New York pral resevwa chak plis pase $100,000 nan tekloloji nan yon selebrasyon Washington, D.C., 17 avril.

Sant K-8 Leewood Miami-Dade – sèl lekòl nan Florid ki pami 15 finalis yo – yo te nonmen li kòm youn nan senk ganyan Gran Prim konpetisyon Samsung Solisyon pou Demen! Yo te kreye konpetisyon an pou ogmante antouzyas pami elèv lekòl Leta Ozetazini yo nan edikasyon “science, technology, engineering, and math (STEM)” (syans, teknoloji, jeni ak matematik). Chak nan senk lekòl ganyan yo pral resevwa plis pase $100,000 nan pwodui teknoloji tankou “smart boards, LED TV,” ak òdinatè pòtab.

Leewood, yo te chwazi kòm yon finalis an fevriye, te deja resevwa $40,000 nan teknoloji nan men Samsung, Fondasyon Adobe, ak DIRECTV. Tit pwojè videyo a se "Timoun Jodi a ki ap Amelyore Anviwònman an pou yon Demen ki pi Ansante – Pran Swen Tè a, Dlo ak Sistèm Ekolojik la Kounye a!" nou ka wè li nan http://tinyb.it/5052C1ED3E14.

Yo te chwazi gran chanpyon yo ak plizyè metòd. Yon panèl jij Samsung te chwazi twa nan chanpyon yo, ki gen ladan Leewood. Yo te itilize yon vòt kominotè sou Entènèt ak yon sondaj anplwaye Samsung pou chwazi de ganyan. Lòt gran chanpyon yo se Franklin High School, Los Angeles, Forestview Middle School, Baxter, Minn.; Arrowhead Park Early College, Las Cruces, N.M.; ak MS 88/Peter Rouget Middle School, Brooklyn, N.Y.

Yo ap onore tout ganyan yo nan yon seremoni espesyal nan Washington, D.C. 17 avril. Kòm yon pati nan pakè prim yo, senk lekòl gayan yo gen opsyon tou pou fè yon jounen resiklaj kominotè “e-waste” (dechè elektwonik) atravè Resiklaj Dirèk Samsung, yon pwogram “e-waste” ki resikle plis pase 250 milyon liv dechè elektwonik Ozetazini depi 2008.

Konpetisyon Solisyon pou Demen an fè pati Samsung “Hope for Children” (Espwa pou Timoun) inisyativ filantwopik konpayi an ki konsantre sou ede timoun mennen yon vi ki pi ansante, entèlijan, e pi dirab. Nou ka wè videyo 15 finalis yo nan www.samsung.com/solvefortomorrow.

###

13-JS/050/HD/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès