POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 13 mas 2013    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL SEGONDÈ HIALEAH GARDENS RESEVWA PLIS PASE $20,000 NAN ENSTRIMAN MIZIKAL

Fondasyon Msye. Holland Opus la te chwazi resamman Lekòl Segondè Hialeah Gardens pou resevwa enstriman mizik ki gen valè $21,059. Lekòl la ap resevwa twa twonpèt, de saksofòn alto, yon saksofòn tenò, de “double French horns” ak twa klarinèt.

Yo te rekonèt lekòl la pou pwogram mizik ekstrawòdinè li a, ki pwouve se yon envèstisman valab. Donasyon enstriman yo pral pèmèt plis elèv patisipe nan kou mizik e jwi benefis edikasyon mizik.

Fondasyon Msye. Holland Opus la sèvis lekòl defavorize ak nouvo e ansyen enstriman mizik.  Nan 16 ane ki sot pase yo, Fondasyon an bay plis pase 15,000 enstriman mizik nan 1,273 lekòl ak pwogram kominotè atravè peyi an.

 

###

13-JJS/051/DF/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès