POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 14 mas 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN MIAMI-DADE ALBERTO CARVALHO ANONSE SIPO ATRAVÈ DISTRI A POU INISYATIV ‘LET’S MOVE! ACTIVE SCHOOLS’
M-DCPS se premye distri lekòl nan peyi a ki patisipe nan inisyativ sa a

Sipèentandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Alberto M. Carvalho ofri sipò atravè distri a pou inisyativ “Let’s Move! Active Schools” (Ann Bouje! Lekòl Aktif) Premye Dam Michelle Obama te lanse nan kòmansman mwa sa a.  M-DCPS se katriyèm pi gwo distri lekòl Ozetazini e premye distri ki patisipe nan inisyativ sa a. 

Carvalho di, “Let’s Move! Active Schools” pral benefisye elèv nou yo nan kreye anviwònman lekòl aktif pou ede timoun yo vin gen yon meyè sante e bay pi bon pèfòmans akademik… Nou dwe envesti nan elèv nou yo si nou vle antre nan konpetisyon global 21yem Syèk la, e lè nou ba yo opòtinite pou yo  fizikman aktif avan, pandan, e apre lekòl, sa se yon gwo etap nan bon direksyon an.” 

Let’s Move! Active Schools se yon nouvo kolaborasyon avèk sektè prive a pou ogmante edikasyon fizik nan lekòl leta atravè peyi a.  Inisyativ sa a adrese defi sa yo nan ankouraje solisyon inovatif e ofri zouti ki apwopriye nan chak etap pwosesis la pou bay lekòl yo mwayen pou kreye anviwònman aktif ki bon mache oubyen gratis kote elèv yo jwenn 60 minit aktivite fizik avan, pandan e apre jounen lekòl la.  

Divès òganizasyon ak kòporasyon te mete ansanm pou ogmante aktivite fizik nan lekòl leta atravè peyi a ki gen ladan Depatman Edikasyon Etazini; Konsèy Prezidan an sou Aktivite Fizik; “Espò ak Nitrisyon”; Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini; “the American Alliance for Health, Physical Education, Recreation & Dance (AAHPERD)” (Alyans Ameriken pou Sante, Edikasyon Fizik, Recreation ak Dans); Alyans pou yon Jenerasyon ki Pi Ansante; NIKE, Inc; “ChildObesity180”; “General Mills”; Fondasyon “GENYOUTH”; Let’s Move!; PTA Nasyonal; Keyser Permanente; ak “Partnership for a Healthier Generation (PHA)” (Patenarya pou yon Amerik ki Pi Ansante).  

Pou plis enfòmasyon konsènan Let’s Move! Active Schools, vizite www.letsmoveschools.org/.    

 

###

13-JJS/053/JS/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès