POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 14 mas 2013   

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS PRAL FÈ ETID SOU INEGALITE POU EGZAMINE SÈVIS ACHA

MGT of America, Inc. , yon konpayi jesyon ak rechèch konsiltan yo rekonèt nasyonalman, pral fè yon etid sou inegalite pou “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County).   Etid la pral detèmine plizyè faktè, ki gen ladan si gen inegalite ant disponiblite ak itilizasyon minorite ak ‘‘women-owned business enterprises (M/WBE)” (biznis antrepriz fanm posede); si wi ou non konpayi yo rankontre difikilte oubyen baryè lè yo ap fè yon òf kòm kontraktè, vandè, soutretans, oubyen founisè prensipal; e èske si inegalite lè kontraktè prensipal yo nan itilize M/WBE yo nan pwojè kote pa gen okenn objektif M/WBE.

Etid la pral egzamine 1) sèvis akizisyon ak pwodui Distri a, 2) pratik soutretans kontraktè prensipal/vandè ki ap fè biznis avèk Distri a, e 3) evidans ki pa syantifik yon komisyon konsèy ranmase atravè seksyon konpayi M/WBE ak sa ki pa-M/WBE sou eksperyans yo nan fè biznis oubyen eseye fè biznis avèk Distri a.  Yo pral divize etid la an de faz.  Premye faz la ap gen ladan acha pou konstriksyon, ak sèvis pwofesyonèl e plan ki gen rapò ak konstriksyon (ki gen ladan Achitekti ak Jeni). Dezyèm faz la ap gen ladan acha pou sèvis ak pwodui.

Etid se a nesesè an pati akoz desizyon Lakou Siprèm Etazini an 1989 nan ka “City of Richmond v. J.A. Croson” ki te enpoze kondisyon legal sou jiridiksyon yo pou etabli yon "compelling interest” (enterè konvenkan) pou sipòte etablisman yon minorite ak pwogram biznis fanm.  Rezilta etid sa a pral detèmine si yon enterè konvenkan egziste.

Se yon bèl opòtinite pou piblik la bay kòmantè yo konsènan eksperyans yo nan fè biznis oubyen eseye fè biznis ak Distri a oubyen kontraktè prensipal/vandè li yo.  Biznis yo ka mande pou patisipe nan youn oubyen plis nan aktivite, yo pral pwograme nan plizyè mwa ki pral vini yo:

• Sondaj Vandè • Entèvyou Pèsonèl • Gwoup Fokis • Odyans Piblik

AVI POU MOUN KI GEN ANDIKAP: Moun ki gen andikap ki planifye pou patisipe nan youn nan aktivite sa yo e ki ka bezwen lòt èd oubyen sèvis tankou entèprèt pou moun ki soud oubyen ki pa tande byen, lektè gwo lèt enprime oubyen ‘‘Braille,’’ (ekriti pou moun avèg) epitou moun ki pa pale  Anglè ki ka bezwen asistans yo mande yo pou kontakte Vernetta Mitchell nan 704-531-4099.
Endividi oubyen pwopriyetè biznis ki gen kesyon oubyen kòmantè sou etid sa a ka kontakte Vernetta Mitchell, MGT of America, Inc., nan 704-531-4099, oubyen Vmitchell@mgtamer.com.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Michelle Hicks-Levy, Kowòdinatè II, nan 305-995-3003, oubyen nan mhicks-levy@dadeschools.net .

###

13-JS/055/HD/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès