|
LEKÒL ELEMANTÈ GRATIGNY RANPÒTE KONPETISYON MATEMATIK SOU ENTÈNÈT Resamman, yo te nonmen Lekòl Elemantè Gratigny gayan konpetisyon ‘‘Sumdog’’ Miami-Dade County a. Karanteyen elèv patisipan te reponn 31,229 kesyon kòrèkteman. Pandan konpetisyon an 3,934 elèv te reponn plis pase 1.3 milyon kesyon nan tout county a. Elèv 6yèm ane lekòl la ki te motive ak konpetisyon an, te fè pi gwo nòt pase mwayèn Distri a nan matematik nan Egzamen Pwovizwa Ivè a. ### 13-JJS/056/DF/SD
|