POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 20 mas 2013  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN MIAMI-DADE ALBERTO M. CARVALHO ENTWODUI PREMYE DAM MICHELLE OBAMA NAN APÈL KONFERANS ‘LET’S MOVE! ACTIVE SCHOOLS’   
M-DCPS se premye distri lekòl nan peyi a ki patisipe nan inisyativ sa a   

Sipèentandan“Miami-Dade County Public Schools (M-    DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Alberto M. Carvalho te entwodui Premye Dam Michelle Obama pandan yon apèl konferans 19 mas pou elaji ekstansyon “Let’s Move! Active Schools” (Ann Bouje! Lekòl Aktif) Madan Michelle Obama te lanse nan kòmansman mwa sa a.  M-DCPS se katriyèm pi gwo distri lekòl Ozetazini e premye distri ki patisipe nan inisyativ la.  

Premye Dam nan remèsye Sipèentandan an pou efò distri lekòl la fè nan ede timoun vin gen yon meyè sante e bay pi bon pèfòmans akademik.  Madan Obama di, “Mwen pase tan nan lekòl ou yo, e mwen enpresyone anpil.” 

Sipèentandan Carvalho pataje konpetans ak konsèy li avèk edikatè atravè peyi a konsènan fason pou ogmante opòtinite pou elèv vin pi aktif, e kòm rekonpans, pou yo aprann pi byen.  Premye Dam nan ankouraje lòt lidè lekòl tou pou yo pataje meyè pratik yo.       
            
Let’s Move! Active Schools se yon nouvo kolaborasyon avèk sektè prive a pou ogmante edikasyon fizik nan lekòl leta atravè peyi a.  Inisyativ sa a adrese defi sa yo nan ankouraje solisyon inovatif e ofri zouti ki apwopriye nan chak etap pwosesis la pou bay lekòl yo mwayen pou kreye anviwònman aktif ki bon mache oubyen gratis kote elèv yo jwenn 60 minit aktivite fizik avan, pandan e apre jounen lekòl la.  

Divès òganizasyon ak kòporasyon te mete ansanm pou ogmante aktivite fizik nan lekòl leta atravè peyi a ki gen ladan Depatman Edikasyon Etazini; Konsèy Prezidan an sou Aktivite Fizik; “Espò ak Nitrisyon”; Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini; “the American Alliance for Health, Physical Education, Recreation & Dance (AAHPERD)” (Alyans Ameriken pou Sante, Edikasyon Fizik, Recreation ak Dans); Alyans pou yon Jenerasyon ki Pi Ansante; NIKE, Inc; “ChildObesity180”; “General Mills”; Fondasyon “GENYOUTH”; Let’s Move!; PTA Nasyonal; Keyser Permanente; ak “Partnership for a Healthier Generation (PHA)” (Patenarya pou yon Amerik ki Pi Ansante).  

Pou plis enfòmasyon konsènan Let’s Move! Active Schools, vizite www.letsmoveschools.org/.
 

 

###

13-JJS/059/JS/CM  

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès