POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 21 mas 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

SEREMONI FANMI POU ANE A “MIAMI-DADE COUNTY PUBLIC SCHOOLS
(M-DCPS)” (LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY)

KIYÈS: 
Manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County; Biwo Patisipasyon Kominotè M-DCPS; Lidè Distri; Dtè. Denise Barrett-Johnson, Asistan Direktè Ekselan Florid pou Ane a; Paola Elorza, Metewològ, Univision 23; Miami-Dade County Fair & Exposition ak reprezantan Ibiley School Uniforms.
KISA:
Seremoni Rekonesans Fanmi pou Ane 2012-2013 M-DCPS
KILÈ: 

Vandredi 22 mas 2013
10è dimaten pou midi

KI KOTE: 
Miami Dade County Fair & Exposition Fuchs Pavillion,
10901 Coral Way, Miami, FL 33165 
         
POUKISA:

Yo ap selebre kòm “Fanmi pou Ane a” fanmi nan plizyè Lekòl Miami-Dade County ki te demontre angajman ekselan pou edikasyon pitit yo e sipò egzanplè pou byennèt tout kominote lekòl la pou pwòp lekòl pitit yo a.  Fanmi yo pral resevwa sache, tas komemoratif ak tikè pou Fwa a.  Yon fanmi ap resevwa pake GWO PRIM FANMI POU ANE A ki gen ladan pakin VIP, braslè Fwa P*O*P ki ofri pou fanmi an monte san limit sou jwèt yo nan yon jou semèn, Tikè Fanmi Anyèl pou  ZooMiami, e yon Tikèt Fanmi Anyèl pou Miami Seaquarium.   

KONTAK:
Mesye Paul V. Wilson, Direktè Egzekitif, Biwo Patisipasyon Kominotè, 305-995-1801 

# # #

13-JJS/062/TC/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès