POUKISA: |
Yo ap egzibe plis pase 400 travay ar elèv M-DCPS jiri evalye nan Bakehouse Art Complex, Audrey Love Gallery, 12 avril – 28 avril, 2013. Egzibisyon an ap ofri elèv opòtinite pou ekspoze ar yo nan yon anbyans pwofesyonèl. Egzibisyon an reprezante meyè ar elèv M-DCPS pwodui pandan ane lekòl 2012-13 la e li prezante toude, travay 2-D ak 3-D nan diferan medya.
Se Divizyon Syans Sosyal ak Ladrès Lavi M-DCPS, Konplèks Ar Bakehouse, ak Asosyasyon Edikatè Ar Dade, Inc. ki patwone Egzibisyon Anyèl Elèv Atravè Konte a. Pou plis enfòmasyon, kontakte Mabel Morales, Sipèvizè Distri, Ar Vizyèl, nan 305-995-1930.
|