Mache Kounye a pou Otis Pale se yon evènman pou fanmi, ki chaje ak aktivite amizan. Yo pral sèvi ak fon yo ranmase yo pou rechèch vital ki ap pote repons yo bezwen pou adrese otis. Plizyè milye moun pral mete ansanm pou yon sèl koz nan fè pati Mache Kounye a pou Otis Pale. Pa gen frè pou patisipe nan evènman an, yo sèlman sijere donasyon $20.
IMUSA ap pwatwone yon prim kach $1,000 pou lekòl ki ranmase plis lajan! Youn nan misyon IMUSA yo se mete fanmi ak kominote ansanm. Kòm yon sipòtè pwodui Otis Pale, konpayi a ak fyète pral bay ankourajman monetè sa a.
Pou enfòmasyon sou aktivite pou ranmase lajan sa a vizite: http://www.walknowforautismspeaks.org/miami oubyen rele 786-235-1165.
|