|
YO AP ONORE YON ADMINISTRATÈ M-DCPS PANDAN Yo ap onore Iraida R. Mendez-Cartaya, Asistan Sipèentandan Afè Entègouvènmantal, Administrasyon Don, ak Patisipasyon Kominotè, jedi 4 avril avèk Prim Angajman Kominotè Nancy Hughes pandanJou 2013 Miami-Dade County nan Tallahassee. Repa-midi prim yo pral fèt nan sal bal Double Tree Hotel ballroom, 101 South Adams Street, Tallahassee. Prim anyèl la pote non defen Nancy Hughes, yon ansyen pèsonalite nan gouvènman eta Florid, ki te sèvi kòm direktris egzekitif Delegasyon Lejislatif Miami-Dade County, e direktris afè gouvènman pou Dade County Public Health Trust. Pou plis enfòmasyon sou Jou Miami-Dade County, vizite http://dadedays.com/.
### 13-JS/065/HD/RL
|