POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 3 avril 2013     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

AKADEMI KARYÈ NAN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY RESEVWA PLIS
PRIM PASE TOUT ANE KÒM PWOGRAM MODÈL REKONÈT NASYONALMAN

Vennde pwogram akademi karyè nan 15 lekòl segondè nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) resevwa onè distenksyon kòm pwogram modèl nan men “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal).  Akademi sa yo merite onè distenksyon dezirab sa a nan pase anba pwosesis evalyasyon anyèl pou detèmine nivo fidelite yo pou modèl NAF la.  Anplisdesa, twa lekòl reyalize onè “distenge” kote chak ane se yon ponyen akademi sèlman ki reyalize merit pou pi gwo nòt sou evalyasyon an.

Akademi Karyè sa yo ki baze sou endistri sa a sipòte devlopman ladrès ak enfòmasyon sou karyè ki gen pou wè ak youn oubyen plis endistri yo vize nan “One Community One Goal” (Yon Kominote Yon Bi) yo.  Daprè JD Hoye, Prezidan NAF, “Lekòl sa yo se vrè egzanp sa nou kab akonpli lè distri yo ak lekòl yo fè yon lyen ant edikasyon ak biznis ki benefisye elèv”.  Elèv ki enskri nan pwogram akademi karyè merite sèfika nan nivo endistri ki va ba yo yon avantaj nan pwosesis aplikasyon pou karyè ak kolèj; pou patisipe nan fè estaj an ete; fè rezo ak biznis e ak lidè nan kominote yo; angaje tèt yo nan pwojè sèvis kominotè; e yo elijib pou kou anwolman doub enskripsyon nan ak bous etid pou kolèj yo.

M-DCPS gen pi gwo chif pou kantite akademi yo rekonèt nasyonalman nan nenpòt distri. Yo ap rekonèt 22 pwogram sa yo nan konferans nasyonal, NFA NEXT: Efè ki pa mezirab, lekòl ap fèt 10 -12 jiyè 2013, nan Orlando, Florida.

Konsènan Fondasyon Akademi Nasyonal (NAF)
Fondasyon Akademi Nasyonal (NAF) la se yon rezo rekoni pou akademi ki baze sou karyè ki ouvè pòt pou elèv ki te gen yon ratman nan sèvis yo resevwa nan ediksayon segondè yo pou ofri yo yon karyè altenatif.  Depi 30 ane NAF rafine yon modèl ki fè prèv li nan ofri jèn moun aksè nan kourikoulòm endistri espesifik, eksperyans aprantisaj ki baze sou, e relasyon ak pwofesyonèl biznis.  Ane sa a, akademi NAF ap sèvi plis pase 62,000 elèv nan plis pase 500 akademi nan 39 eta, D.C. ak U.S. Virgin Island yo.

Lekòl Leta Miami-Dade County, anba règleman “School Choice & Parental Options” (Chwa Lekòl Opsyon Paran),  gen 51 pwogram NAF nan 26 lekòl segondè ki gen ladan tèm karyè Finans, Ospitalite ak Touris, Enfòmattik, Jeni ak Syans Sante.

Pou Plis enfòmasyon, kontakte Pwofesè Anchaj Akademi a pou chak lekòl respektif yo oubyen rele Biwo “School Choice & Parental Options Office” nan 305-995-1922.

LEKÒL

Alonzo and Tracy Mourning SHS

Barbara Goleman SHS

 

Booker T. Washington SHS

 

 

Coral Reef SHS
G. Holmes Braddock SHS

Hialeah Gardens SHS

 

 

Mater Academy East Charter High School
Miami Central SHS
Miami Jackson SHS
Miami Springs SHS
North Miami SHS
William H. Turner Technical High School

PWOGRAM  AKADEMI KARYÈ

Hospitality & Tourism (AOHT)

Finance (AOF)
Hospitality and Tourism (AOHT)

Finance (AOF)
Hospitality and Tourism (AOHT)
Engineering (AOE)
Information Technology (AOIT)

 

Finance (AOF)
Information Technology (AOIT)

Finance (AOF)
Engineering (AOE)
Hospitality and Tourism (AOHT)
Information Technology (AOIT)

Finance (AOF)
Information Technology (AOIT)
Information Technology (AOIT)
Hospitality and Tourism (AOHT)
Finance (AOF)
Finance (AOF)

Akademi Distenge

Miami Beach SHS
Miami Norland SHS
Southwest Miami SHS

Hospitality and Tourism (AOHT)
Hospitality and Tourism (AOHT)
Finance (AOF)

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

###

013-JJS/067/VVL/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès