POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 5 avril 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

RAPÈ ‘PITBULL’ FÈ ELÈV LEKÒL ELEMANTÈ SYLVANIA HEIGHTS SIPRIZ

Rapè Kiben-Ameriken, Armando Pérez, yo konnen pi byen kòm Pitbull, te rann yon vizit sipriz nan ansyen lekòl li, Lekòl Elemantè Sylvania Heights, maten an.  Li te fè yon diskou motivasyonèl tou kout pou elèv 3yèm, 4yèm ak 5yèm ane eskolè, ki ap prepare pou yo pran Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid 2.0 nan semèn k ap vini yo.

Direktè Sylvania Heights Amor Reyes rele diskou motivasyonèl rapè a  “ankourajan.”  Li ajoute, “Li pale de siksè ki genyen lè yon moun pèsevere e travay di. Li pwomèt timoun yo tou li ap retounen e fè yon bagay espesyal pou yo.”

###

13-JS068/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès