POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 10 avril 2013        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS ONORE MEYÈ DIREKTÈ, ASISTAN DIREKTÈ POU ANE A NAN
SEREMONI POU DIREKTÈ AK ASISTAN DIREKTÈ POU ANE 2012-2013  

MIAMI – “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te onore meyè direktè ak asistan direktè li yo nan yon seremoni prim 9 avril nan Jungle Island. Caridad Montano, ki sèvi kòm direktris nan Enstiti Rechèch Anviwònmantal TERRA, te ranpòte premye onè kòm Meyè Direktris Distri a pou Ane a.

Montano ap dirije premye lekòl segondè ekolojik nan distri a pou dènye sis ane yo. Pandan 20 ane li te sèvi kòm yon asistan direktris ak direktris nan lekòl atravè Miami-Dade.  Li gen yon distenksyon san parèy ki se premye direktè lekòl nan Distri a yo te chaje pou louvri de (2) nouvo lekòl: Lekòl Mwayen Lamar Louise Curry ak Enstiti Rechèch Anviwònmantal TERRA.

Yo te rekonèt Melissa Garcia nan Lekòl Segondè Miami Sunset kòm Mèyè Asistan Direktris pou Ane a.  Garcia sèvi kòm yon Asistan Direktris depi 13 ane. Madan Garcia ki soti nan eta Texas, ap travay pou M-DCPS depi 1996.

Meyè Direktris pou Ane a te resevwa $3,000 e Meye Asistan Direktris la te resevwa $2,000.  Yo pral resevwa pànye kado nan men patwonè evènman yo ki gen ladan: South Florida Credit Union, United Way of Miami-Dade, The Betsy, Herff Jones, Papa John’s Pizza, Nova Southeastern University, Edgenuity, Britto Central, Sea World, Miami Seaquarium, Miami Heat, Doubletree Grand Miami, Miami Children’s Museum, AXA Financial ak DeRodriguez Cuba Restaurant.

Yo te rekonèt tou nan seremoni an Dawn M. Baglos ki nan Lekòl Segondè Dtè. Michael Krop, kòm dezyèm Mèyè Direktè pou Ane a e Leonardo Mouriño ki nan Lekòl Elemantè Shadowlawn, kòm dezyèm Meyè Asistan pou Ane a.

 

###

13-JJS/071/GC/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès