|
YO NONMEN M-DCPS KÒM YON MEYÈ KOMINOTE POU EDIKASYON MIZIK 2013 “National Association of Music Merchants (NAMM)” (Fondasyon Asosyasyon Nasyonal Komèsan Mizik) te nonmen “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kòm yon Meyè Kominote pou Edikasyon Mizik 2013. Fondasyon NAMM se yon òganizasyon ki pa la pou fè pwofi, ki pwomote e avanse patisipasyon aktif nan mizik. Li sipòte filantwopi, rechèch syantifik ak sèvis piblik. Plis pase 300 distri lekòl e 60 lekòl atravè peyi a te resevwa deziyasyon prestijye sa a. Meyè Kominote pou Pwogram Edikasyon Mizik rekonèt lekòl ak distri lekòl ki demontre yon angajman pou sipòte edikasyon mizik nan lekòl yo. Pwogram nan fè sondaj patisipan yo nan plizyè domèn, ki gen ladan patisipan nan klas mizik yo, finansman, demand gradyasyon, etablisman, tan enstriksyon, faktè enpòtan nan kominote edikasyon mizik la ak sipò pwogram mizik la. Prèske 2,000 lekòl ak distri lekòl te patisipe nan sondaj ane sa a. Biwo Edikasyon Mizik M-DCPS bay pi wo kalite edikasyon mizik. Enstriksyon mizik fè pati total pwogram entriksyonèl pou tout elèv nan lekòl elemantè, ak yon pati siyifyan nan pwogram pou elèv ki gen enterè e/oubyen abilite nan nivo segondè. Akoz kontinite nan ansèyman etid mizik esansyèl, yo ofri elèv yo aksè pou pwogram mizik chak ane ak ase tan pou enstriksyon nan jounen lekòl la pou yo patisipe nan mizik nan yon baz regilye. ### 13-JJS/072/DF/SD
|