POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 10 avril 2013    

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

MIAMI DOLPHINS AP VIZITE LEKÒL MWAYEN RUBÉN DARIO

KIYÈS: 

Jwè foutbòl Miami Dolphins, administratè lekòl, elèv, paran ak sitwayen ki enterese

KISA:
Vizit Miami Dolphins
KILÈ: 

Jedi 11 avril 2013
9:30 dimaten – 1è nan aprèmidi

KI KOTE: 

Rubén Darío Middle Community School
350 N.W. 97th Avenue
Miami, FL 33172

POUKISA:

Pwogram Jèn ak Kominotè Miami Dolphins nan ap vizite sesyon “Gatorade Junior Training Camp (JTC)” (Kan Fòmasyon Ti Jèn Gatorade) lekòl la. Gatorade JTC se yon pwogram debaz gratis ki anseye ladrès NFL pou jèn Sid Florid e li pwomote enpòtans edikasyon, byennèt fizik, ak fè chwa pozitif. Pwogram nan fèt pou elèv premye jiska senkyèm ane eskolè, e li fèt mèkredi ak jedi pandan tout ane lekòl la nan lekòl elemantè.

Misyon Pwogram Jèn ak Kominotè Miami Dolphins nan se pou aksantye enpòtans edikasyon, byennèt fizik, ak chwa pozitif pou timoun nan yon anviwònman ki gen sekirite e ki amizan. Pwogram yo prepare pwochen jenerasyon lidè nan rete aktif fizikman atravè “Junior Training Camps (JTC)”, Klinik Foutbòl Jèn, ak Kan Foutbòl Jèn.

Pou plis enfòmasyon vizite DolphinsAcademy.com.

KONTAK:
Direktris Lekòl Mwayen Rubén Darío, Dtè. Verona McCarthy nan 305-226- 0179.

# # #

13-JJS/073/DF/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès