|
EGZIBISYON ANYÈL AR ELÈV ATRAVÈ KONTE A OUVÈ 12 AVRIL NAN Yon koleksyon ki se yon rèv e ki enpresif kote 460 travay ar elèv Lekòl Leta Miami-Dade jiri evalye pral ouvè yon egzibisyon pou twa semèn nan Galri Audrey Love nan Bakehouse Art Complex, avèk yon resepsyon, 12 avril, 7-10 diswa. Egzibisyon an ap fèt jiska 3 me 2013. Konplèks Bakehouse la lokalize nan 561 N.W. 32nd St., Miami, FL 33127. Resepsyon an gratis e li ouvè pou piblik la. Pwogram Edikasyon Ar la te devlope egzibisyon Anyèl Atravè Konte a depi plis pase 30 ane pou ofri elèv ak pwofesè opòtinite pou ekspoze travay ar elèv nan galri pwofesyonèl. Konplèks Bakehouse, yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki ofri yon espas ak yon kominote pou atis ki fèk ap debite ak evènman travay ar, ap fè fèt anyèl la pou dezyèm ane suivi. Egzibisyon an reprezante meyè travay ar elèv M-DCPS pandan ane lekòl sa a. Yo chwazi pyès jiri evalye pami plizyè milye antre e yo gen ladan tout medya teknik nan toude, 2-D ak 3-D. Travay ar sa a demontre devlopman nouvo ladrès, abilite, ak enterè elèv; e aksantye vèsatilite, bon desen, ak imajinasyon. Bakehouse Art Complex se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki pran angajman pou l atire atis nan Sid Florid ki fèk ap debite e ki nan mwatye chemen nan karyè yo nan yon andwa pou travay ki ofri estidyo abòdab, galri egzibisyon, ak opòtinite pou devlopman pwofesyonèl. Pou plis enfòmasyon, kontakte Mabel Morales, Sipèvizè Distri, Ar Vizyèl nan 305-995-1930 oubyen atravè lèt eletwonik nan mmorales14@dadeschools.net oubyen Alina Rodriguez, Espesyalis Sipò Kourikoulòm, Ar Vizyèl nan 305-300-6887 oubyen alinarodriguez@dadeschools.net.
### 13-JS/074/HD/RL
|