|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 15 avril 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
M-DCPS PRAL FÈ TWAZYÈM “PROM” (BAL GRADYASYON) ANYÈL POU ELÈV LEKÒL SEGONDÈ KI GEN “AUTISM SPECTRUM DISORDERS” (PWOBLÈM MALADI OTIS)
|
Elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS),” (Lekòl Leta Miami-Dade County), administratè, pwofesè, parapwofesyonèl, ajans kominotè, patnè edikasyonèl, ak reprezantan lokal e nasyonal
|
|
Twazyèm Bal Gradyasyon Anyèl pou Elèv Lekòl Segondè M-DCPS ki gen Problèm Maladi Otis. |
KILÈ: |
25 avril 2013 kòmanse 9è dimaten pou 1è nan aprèmidi
|
KI KOTE: |
Jungle Island
1111 Parrot Jungle Trail
Miami, Florida 33132
|
POUKISA: |
Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè bal gradyasyon anyèl la atravè distri a pou elèv lekòl segondè ki gen “Autism Spectrum Disorders (ASD)” e yo espere apwoksimativman 500 elèv ap patisipe. Eksperyans Moman inoubliyab sa a ofri yon opòtinite ki pral pèmèt elèv ki gen ASD familyarize ak kamarad yo. Li bay pwofesè yo yon opòtinite pou anseye ladrès sosyal enpòtan pandan elèv yo ap pratike ladrès sosyal sa yo nan yon anbyans amizan. Evènman an gratis pou tout elèv, akoz finansman evènman memorab sa a se ajans kominotè, patnè edikasyonèl ak biznis lokal e nasyonal ki ofri li.
Elèv ki ap patisipe nan eksperyans bal gradyasyon dansant total sa a ap abiye ak toksido e wòb fòmèl, yo ap pran foto yo, yo ap kourone yon wa ak yon rèn, e se yon pwofesyonèl “disk jockey” ki ap ofri mizik pou dans la.
|
# # #
13-JJS/076/GC/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |