|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 12 avril 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
DASA ONORE KÈK ADMINISTRATÈ M-DCPS YO SELEKSYONE NAN SEREMONI MEYÈ DIREKTÈ, ASISTAN DIREKTÈ POU ANE A
MIAMI – “Dade Association of School Administrators (DASA)” (Asosyasyon Administratè Lekòl nan Dade) onore twa administratè nan yon seremoni prim semèn sa a nan Jungle Island. Yo te rekonpanse Milagros Fornell, Iraida Mendez-Cartaya, ak Penny Parham pou sèvis ekstrawòdinè yo bay nan sistèm lekòl la.
Fornell ap sèvi kòm Ofisye Akademik Anchèf nan M-DCPS, yon pwomosyon li te pran apre plizyè lòt pozisyon lidè li te genyen nan distri a. Pami divès akonplisman Fornell nan travay li ye kounye a, genyen ogmantasyon patisipasyon ak pèfòmans elèv M-DCPS nan kou Plasman Avanse ak Anwolman Doub, ansanm ak dirije ekip ekriven pou don “Race to the Top” (Kous pou Antèt) Distri a. Pandan karyè li, li te sèvi kòm kowòdonatris rejyonal pou kourikoulòm, administratè nan lekòl e administratè rejyonal.
Kòm yon administratè depi 23 ane, Mendez-Cartaya sipèvize relasyon entègouvènmantal nan nivo lokal, eta, ak entènasyonal pou distri lekòl la ansanm ak resevwa e jere don. Anba direksyon li, valè dola pou finansman adisyonèl nan distri lekòl la te ogmante anpil, pou plis pase $700 milyon. Mendez-Cartaya sipèvize tou tout pwogram angajman kominotè yo, ki gen ladan pwogram volontè lekòl la, patenarya biznis, patisipasyon paran ak lòt pwogram ki pwomote akonplisman elèv. Atravè karyè li, Mendez-Cartaya te travay deprè avèk anpil lidè kominotè ak ofisyèl gouvènmantal federal e lokal pou asire lwa yo vote nan tout nivo gouvènman yo benefisye eksperyans edikasyonèl elèv nou yo dirèkteman.
Yo rekonèt Parham kòm moun ki fè sèvis manje vin pwofitab pou premye fwa depi plizyè ane. Parham se Direktris Administratif Depatman Manje ak Nitrisyon Distri a. Pozisyon egzijan sa a mande pou l planifye, kowòdone, e dirije pwogram sèvis manje lekòl la ann akò avèk bonjan pratik biznis, machasuiv USDA, Règleman Komisyon Konsèy Lekòl, ak Règ Komisyon Eta yo. Parham sipèvize bidjè operasyonèl anyèl sèvis manje a ki depase $158 milyon e depatman li a bay 3,000 moun travay.
###
13-JS/077/GC/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |