POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 12 avril 2013       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

TWA LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY PRAL REPREZANTE FLORID NAN FINAL MONDYAL “ODYSSEY OF THE MIND” (VWAYAJ SÈVO)

Twa ekip “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) jwenn dwa pou reprezante eta Florid nan yon nivo entènasyonal pandan yo ap avanse nan Final Konpetisyon Mondyal “Odyssey of the Mind” nan Tounwa Eta Florida la.

“Odyssey of the Mind” se pi gwo konpetisyon entènasyonal elèv nan mond lan pou rezoud pwoblèm. Ekip ki ap soti atravè tout Etazini ak plis pase 25 peyi patisipe nan pwogram nan.  Odyssey ankouraje ladrès panse kreyativ kay elèv yo atravè aktivite rezoud pwoblem.

Twa ekip ki pral vwayaje nan Final Mondyal la nan Inivèsite Eta Michigan nan dat 22-25 me 2013 se:
• Howard Drive Elementary – 2yèm Plas - ARTchitecture: “The Musical” (Mizikal) - Div. I
• David Lawrence, Jr. K-8 Center – 2yèm Plas – “It's How You Look At It” (Se Fason Ou Wè l la) - Div. II
• Palmetto Middle – 3yèm Plas/Ranatra Fusca Prim Kreyativite – “Pet Project” (Pwojè Animal Domestik) - Div. II

Ekip Lekòl Mwayen Palmetto ranpòte Prim Kreyativite Ranatra Fusca ki te kalifye yo pou avanse nan Final Mondyal la.  Yo prezante prim nan bay ekip ki demontre kreyativite nan konpetisyon yo.

Pou plis enfòmasyon sou Rejyon Twopikal “Odyssey of the Mind,” vizite http://tropicalodyssey.org/.

 

###

013-JJS/079/VVL/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès