|
MIAMI—Lekòl Leta Miami-Dade County resevwa nan men “Association of School Business Officials (ASBO)” (Asosyasyon Ofisyèl Biznis Lekòl) “Certificate of Excellence (COE)” (Sètifika Ekselans) prestijye nan Prim Repòtaj Finansye pou ane fiskal ki fini 30 jen 2012 la. Sa fè vent-nevyèm ane suivi Lekòl Leta Miami-Dade County resevwa prim prestijye sa a. ASBO rekonèt efò siperyè nan repòtaj finansye chak distri lekòl pou kominote a atravè Rapò Finansye Anyèl Konpreyansif ekselan. Yo onore moun ki resevwa COE yo pou kredibilite, konfidans ak transparans nan jesyon fiskal ak devlopman pwofesyonèl yo. Pou plis pase 100 ane, “ASBO International” ofri sèvis ak pwogram ki aksantye pratik jesyon biznis lekòl kalite wo nivo, devlopman pwofesyonèl ak resous edikasyonèl efikas. Òganizasyon an sèvi plis pase 5,000 manm toupatou nan glòb la. Se VALIC, yon founisè plan retrèt K-12 eksepsyonèl nan peyi a ki patwone pwogram COE a.
### 13-JJS/082/DF/RL
|