POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 24 oktòb 2013       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

LEKÒL SEGONDÈ MIAMI SPRINGS AP SELEBRE 26YÈM ANIVÈSÈ AKADEMI OSPITALITE AK TOURIS AVÈK YON SEREMONI KOUPE RIBAN

KIYÈS: 
Manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade Susie Castillo, Ansyen elèv Lekòl Segondè Miami Springs, patnè biznis “Academy of Hospitality & Tourism (AOHT)” (Akademi Ospitalite ak Touris), administratè lekòl Distri a ak sitwayen ki enterese
KISA:
Seremoni koupe riban pou selebre 26yèm ane siksè e dedikasyon Chanm Evènman “Hawk’s Nest”, Hyatt Regency Miami patwone
KILÈ: 

Vandredi 25 oktòb 2013
12:30 nan aprèmidi

KI KOTE: 

Miami Springs Senior High School
Media Center
751 Dove Avenue
Miami Springs, FL 33166

POUKISA:

Yo te etabli pwogram magnèt Akademi Ospitalite ak Touris la an 1987, atravè yon patenarya ant Fondasyon “American Express” ak distri lekòl la pou prepare elèv pou kolèj ak karyè nan endistri ospitalite ak touris.

Chanm Evènman “Hawk’s Nest” la pral fonksyone kòm yon antrepriz elèv ki pral sèvi klib ak òganizasyon nan lekòl la.

Plis pase 1,500 elèv AOHT te gradye nan pwogram manm Fondasyon Akademi Nasyonal la depi kreyasyon li.

 

 

# # #

13-JS/083/HD/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès