POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 7 me 2013     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 


EKIP KI SOTI NAN DE LEKÒL POU ETID AVANSE RANPÒTE ‘‘BRAIN JEOPARDY!’’
(KONESANS SOU SISTÈM NÈVE) ‘‘BRAIN FAIR’’ (FWA SISTÈM NÈVE) NAN MIAMI 

De ekip elèv ki soti nan Lekòl pou Etid Avanse te ranpòte meyè prim nan ‘‘Brain Jeopardy!’’  ki te fèt nan 4yèm anyèl Fwa Sèvo nan Miami.  Se te ekip ki soti nan ‘‘School for Advanced Studies (SAS)’’ (Lekòl pou Etid Avanse) nan Kendall ak SAS nan Homestead gayan premye ak dezyèm plas yo.

Dtè. Coleen Atkins te fonde e prezide Pwojè Miami a pou Geri Paralizi nan Miami Miller School of Medicine, yo te fè “Brain Jeopardy!” nan fwa a yon ekip konpetisyon ki sanble ak pwogram jwèt televizyon, "Jeopardy!" Se premye ane yo mete nan konpetisyon an ekip lekòl segondè pami anpil lòt aktivite edikatif sou sistèm nève a.  Yo te chaje elèv yo pou reponn yon seri kesyon ki varye nan divès degre difikilte ki gen rapò ak sistèm nève a.

Gayan premye plas Brain Jeopardy yo se te ‘‘Brain Troopers’’ ki soti nan Lekòl pou Etid Avanse nan Kendall ki te gen ladan Jenny Poon, Hanna Leyton, Olivia Sanchez, ak Silvia Marmol.  Dezyèm plas la te ale jwenn “Sharks” ki soti nan Lekòl pou Etid Avanse nan Homestead, ki te gen ladan Robert Saylor, Camilo Guevara, Mohamed Yousif, ak Daniel Quintero.

Li te jwenn sipò Pwojè Miami pou Geri Paralizi, nan University of Miami Miller School of Medicine, Florida International University, Barry University, St. Thomas University, Miami-Dade College, Nova Southeastern University, plizyè lòt òganizasyon, Miami Science Museum chapit Sid Florid Sosyete Syans Newolojik (premye sosyete syantis newològ mondyal) kòm pati nan anyèl Semèn Sansibilizasyon Sèvo.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Omar Monteagudo, Direktè, Lekòl pou Etid Avanse –Miami Dade College, nan 305.237.0510 oubyen omonteagudo@dadeschools.net.

###

13-JS/084/HD/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès