|
LEKÒL SEGONDÈ MIAMI CORAL PARK RESEVWA PI GWO ONÈ NAN KONPETISYON LANG ETRANJE De ekip lang mondyal ki soti nan Lekòl Segondè Miami Coral Park te ranpòte premye plas resamman nan kategori Fransè ak Espayòl nan Konpetisyon Lang Etranje Miami-Dade County a. Ekip Espayòl la gen distenksyon poutèt li domine kategori a pou sis dènye ane yo. Konpetisyon an angaje ekip elèv Italyen, Fransè, Espayòl ak Alman nan divès kategori ki gen ladan ti pyès teyat oubyen drama, resitasyon, diskou espontane ak pwojè. Elèv yo fè konpetisyon poukont yo nan tout kategori yo e kòm yon ekip nan kategori ti pyès teyat oubyen drama a. Depatman Edikasyon Bileng ak Lang Mondyal distri a ofri direksyon nan kourikoulòm ak sipò enstriksyonèl pou devlopman konesans debaz nan Anglè ak lòt lang pou yo ka pozitivman gen efè sou akonplisman elèv e pwomote aprantisaj pou lavi.
### 13-JJS/089/DF/RL
|