POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 24 avril 2013         

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

KANPOUS WOLFSON KOLÈJ MIAMI DADE AP FÈ KONFERANS ENDISTRI ELÈV POU AKADEMI STEM AK AKADEMI FINANS

KIYÈS: 
National Academy Foundation (NAF) STEM” (Fondasyon Akademi Nasyonal STEM) ak elèv Akademi Finans nan lekòl k ap patisipe ak patnè biznis ki enterese
KISA:

Konferans Anyèl Endistri Elèv pou elèv Akademi STEM ak Finans

KILÈ: 

Lendi 6 me 2013 – Akademi STEM
Madi 7 me 2013 – Akademi Finans

KI KOTE: 

Miami Dade College, Wolfson Campus
Chapman Conference Center, Building 3000  
300 N.E. 2nd Avenue
Miami, FL 33132      

                       
POUKISA:

Konferans endistri elèv sa yo fè pati yon efò kontinyèl pou ofri elèv Akademi apèsi sou enpòtans pou yo prepare pou kolèj ak karyè, pandan yo ap pataje enfòmasyon sou preparasyon karyè pwofesyonèl ak tandans nan domèn finans, jeni, enfòmatik ak syans sante.  Elèv pral gen opòtinite pou tande lidè nan biznis ak endistri.  Alberto Santalo, Prezidan e Ofisye Egzekitif Anchèf CareCloud Corporation ak Felecia Hatcher, Prezidan “Popsicle of Feverish Ice Cream and Gourmet Pops”, se de nan prezantatè prensipal pami lòt pwofesyonèl moun respekte nan endistri yo chwazi ki pral gen yon opòtinite pou pataje gran moman nan karyè yo avèk elèv ki ap patisipe yo.

Inisyativ sa a koresponn tou ak patenerya e patisipasyon distri lekòl la nan Plan Enplemantasyon Endistri yo vize nan “One Community One Goal” (Yon Kominote Yon Bi).  Pou detay oubyen plis enfòmasyon, kontakte biwo Chwa Lekòl ak Opsyon Paran nan 305-995-1922.

 

 

# # #

13-JJS/090/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès