POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 29 avril 2013        

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP FÈ YON SERI REYINYON POU DISKITE
PWOJÈ BON 21YÈM SYÈK

KIYÈS: 
Manm Komisyon Konsèy Lekòl, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, ofisyèl Distri, elèv, pwofesè, paran, ak sitwayen ki enterese
KISA:

Reyinyon Kominotè “Dialogue by Design” (Dyalòg ak Desen)

KILÈ: 
Jedi 26 fevriye a 7è diswa
KI KOTE: 

Madi 30 avril 2013
Hialeah-Miami Lakes Senior High School
7977 West 12th Avenue
Hialeah, FL 33014

Mèkredi 1ye me 2013
Felix Varela Senior High School
15255 S.W. 96th Street
Miami, FL 33196

Reyinyon yo ap fè 6 – 7:30 diswa nan chak lokal.

POUKISA:

Lekòl Leta Miami-Dade County pral fè yon seri reyinyon kominotè “Dialogue by Design” pou diskite plan pou pwojè bon Lekòl 21yèm Syèk yo.  Votè Miami-Dade County te sipòte avèk anpil antouzyas referandòm Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a an novanm dènye, ki prepare chemen pou modènize e mete ajou lekòl atravè tout distri a, ki gen ladan mete ajou teknoloji nan tout lekòl yo.

Pou yon lis konplè sou dat ak lokal reyinyon kominotè “Dialogue by Design”, silvouplè vizite http://bondsforschools.dadeschools.net/dialogue_by_design.asp.

 

 

# # #

13-JJS/093/VVL/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès