|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 30 avril 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SIPÈENTANDAN MIAMI-DADE AK BROWARD EKSPRIME ENKYETID YO SOU LWA KONSÈNAN OGMANTASYON POU PWOFESÈ
Sipèentandan Miami-Dade Alberto M. Carvalho ak Sipèentandan Broward County Robert W. Runcie eksprime enkyetid yo trè fò jodi a sou lwa Lachanm ak Sena Florid te dakò sou li konsènan ogmantasyon sou salè pwofesè. Yo pap bay pwofesè yo ogmantasyon Gouvènè Florid Rick Scott te orijinalman pwopoze yo anvan apwoksimativman 14 mwa.
Carvalho di, “Nou sezi wè jan bagay yo vin tounen nan Tallahassee… Gouvènè a te pwomèt pwofesè nou yo rekonpans, men nouvo seri restriksyon ki nan konfòmite pwojè lwa Lejislati ki lakoz fon sa yo pa disponib anvan 14 mwa, desevan.”
Lwa yo pwopoze a gen ladan ogmantasyon $2,500 pou pwofesè ak $3,500 ogmantasyon pou pwofesè ki “trè efikas”, ansanm ak ogmantasyon pou direktè ak asistan direktè. Toude sipèentandan yo kalkile efè sou distri yo e dekouvri depans, ansanm avèk “earmarks” (lajan yo mete dekote) pou Bousetid McKay ak kontribisyon pou pansyon, pwodui defisi olyede ogmantasyon. Runcie di, “chif yo senpleman pa balanse… Avèk 80 pousan fon yo mete dekote, n ap travay pou defisi.” Distri lekòl yo ap travay byen, donk eta a pa bezwen jere yo deprè avèk fon yo mete dekote.”
Lejislati a ap reklame yon ogmantasyon $134 milyon pou Lekòl Leta Miami-Dade County ane sa a, men soustrè $64 milyon pou ogmantasyon salè, $34 milyon pou Bousetid McKay ak $37 milyon pou Sistèm Retrèt Florid diminye kèlkeswa ogmantasyon an. Tout lajan yo mete dekote pou salè dwe rete entak jiska 2014, e ant kounye a ak lè sa a yon sesyon lejislatif antyèman nouvo ap fèt.
Sipèentandan ki soti nan lòt distri lekòl Florid antre nan diskisyon an. Sipèentandan Lekòl Leon yo Jackie Pons di, “Sa nou bezwen fè se bay distri yo lajan an e mande yo pou yo kreyatif nan jwenn pwòp fason yo pou bay pwofesè nou yo li pi vit posib... Mwen pa panse yo ta dwe tann plis pase yon ane pou yo resevwa yon ogmantasyon yo merite deja.”
Carvalho te fè konprann, lwa sa a si li pase pral gen yon efè terib sou moral pwofesè yo. “Pwomès yo te fè nan kòmansman an, yo kraze l nan finisman an.”
###
13-JS/095/JS/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |