POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 7 me 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

NOU ANKOURAJE PARAN PRAN SONDAJ ESE ANYÈL LETA A SOU ENTÈNÈT JISKA 30 JEN

Divizyon Edikasyon Espesyal Lekòl Leta Miami-Dade County ap mande tout paran elèv, ki resevwa sèvis edikasyon espesyal nan Klas Matènèl jiska 12yèm ane eskolè, pou patisipe nan Sondaj Anyèl Paran “Exceptional Student Education (ESE)” (Edikasyon Elèv Eksepsyonèl) Depatman Edikasyon Florid. Sondaj la disponib sou Entènèt jiska 30 jen nan http://www.esesurvey.com/.

Depatman Edikasyon Florid ap travay ak distri lekòl yo pou ranmase enfòmasyon sou èske paran panse lekòl pitit yo ap fè patnè ak yo.  Tout repons yo konfidansyèl, e yo pral ede amelyore sèvis ak rezilta pou timoun ak fanmi yo.

Pou rann li pi fasil pou paran yo, tout lekòl yo ak sant “Florida Diagnostic and Learning Resources System (FDLRS)” (Sistèm Resous pou Dyagnostik ak Enstriksyon Florid) Nò ak Sid, pral gen òdinatè disponib pou ranpli sondaj la, e tou yo ap ofri asistans.  Si yon paran pa jwenn aksè yon òdinatè, sondaj la disponib tou sou papye.

 Pou plis enfòmasyon oubyen pou jwenn sondaj sou papye a kontakte, Keisha Robinson, nan sant Sid FDLRS la, nan 305-626-3970.

 

###

13-JJS/099/DF/CF

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès