|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 7 me 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
21 LEKÒL M-DCPS KLASE NAN LIS 2013 NEWSWEEK KÒM MEYÈ LEKÒL SEGONDÈ NAN AMERIK
Lekòl pou Etid Avanse Miami-Dade antre nan lis 10 meyè Lekòl Segondè nan Amerik.
MIAMI – Yè magazin Newsweek mete sou lis “Schools for Advanced Studies (SAS)” (Lekòl pou Etid Avanse) kòm No. 6 Meyè Lekòl Segondè nan peyi a e No. 2 nan eta a. SAS, ki ap selebre 25yèm anivèsè ane sa a, te sou lis la kòm 12yèm ane dènyè.
Magazin nan klase meyè lekòl segondè Ozetazini depi plis pase yon deseni. Li evalye 5,000 lekòl leta atravè peyi a e 2,000 ki pi meyè se yo ki pwouve yo pi efikas nan pwodui elèv gradye ki pare pou antre nan kolèj.
20 lekòl segondè Miami-Dade adisyonèl te ale jwenn SAS. Yon total 115 lekòl Florid te nan lis prestijye, yo te pibliye semèn sa a. Lekòl Segondè Miami-Dade klase nan lis la nan lòd sa a:
- School for Advanced Studies
- Archimedean Upper Conservatory
- MAST Academy
- Coral Reef
- Young Women’s Preparatory Academy
- Design & Architecture Senior High (DASH)
- International Studies Charter
- New World School of the Arts
- Miami Palmetto Senior High
- Doral Academy Performing Arts and Entertainment
- Dr. Michael M. Krop Senior High
- Doral Academy Preparatory
- Robert Morgan Educational Center
- G. Holmes Braddock Senior High
- Mater Lakes Academy High
- Southwest Miami High
- Coral Gables Senior High
- Westland Hialeah Senior High
- American Senior High
- Hialeah Gardens Senior High
- City of Hialeah Educational Academy
Pou wè lis konplè Meyè lekòl Newsweek la, vizite sit Entènèt la nan: www.thedailybeast.com/newsweek/2013/05/06/america-s-best-high-schools.html
###
13-JS/101/HD/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |