POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 8 me 2013     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS REYALIZE AVANTAJ SIYIFIKATIF NAN TI BIZNIS AK BIZNIS MINORITÈ 

Depi nan kòmansman li nan mwa fevriye ane sa a, “Miami-Dade County Public School (MDCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) “Office of Economic Opportunity (OEO)” (Biwo Opòtinite Ekonomik) reyalize yon ogmantasyon 46.2 pousan nan sètifikasyon Antrepriz Ti Biznis Antrepriz/Mikwobiznis ak Antrepriz/Biznis Fanm Minorite.

Yo estime nan fen Ane Fiskal 2013 la yo pral trete plis pase 135 nouvo aplikasyon kòm yon rezilta ogmantasyon patisipasyon OEO nan evènman sansibilizasyon kominotè.  Pou yo kapab ogmante vizibilite nan kominote biznis la, OEO rantre nan patisipe nan plizyè evènman sansibilizasyon kominotè.  Jiska dat sa a, OEO te prezan nan 13 evènman sansibilizasyon kominotè e yo ap kontinye ale nan pwochen evènman yo.

Entansyon OEO se pou pwomote devlopman ak kwasans ekonomik Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis ak Antrepriz/Biznis Fanm Minorite atravè pwogram sètifikasyon li a, pwogram sansibilizasyon kominotè, revizyon kontra e siveyans aktivite anplisde konte sou entèraksyon kontinyèl avèk lòt ajans minisipal, ajans semi-piblik ak mache lokal yo.  OEO ap konbat pou asire SBE, MBE, ak M/WBE lokal yo gen opòtinite maksimòm pou fè biznis ak Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florid e pou bay opòtinite egal pou tout segman ki ap fè kontra nan kominote a.

Aktyèlman, OEO ap fonksyone anba Règ Komisyon Konsèy Lekòl 6320.02. 

 

###

13-JJS/102/DF/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès