POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 10 me 2013  

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL MAGNÈT AMERIKA NONMEN EDIKATÈ M-DCPS
PWOFESÈ NASYONAL POU ANE A

“Magnet Schools of America (MSA)” (Lekòl Magnet Amerik) nonmen Tere Pujol-Burns, Pwofesè Anchaj pou Pwogram Magnet Etid Entènasyonal nan Lekòl Elemantè Sunset, kòm Pwofesè Etid Entènasyonal pou Ane 2013. MSA se yon òganizasyon nasyonal ki reprezante lekòl magnet ak pwogram ki rekonèt pwofesè rejyonalman e nasyonalman anyèlman.  Prim nan la pou rekonèt pwofesè aplentan ki eksepsyonèl e ki konsakre yo pou siksè akademik atravè pwogram inovatif pou pwomote jistis ak divèsite pou elèv nan lekòl magnet, e ki demontre ekselans nan pwofesyon ansèyman, kominotè ak patisipasyon paran.

Pwofesè Pujol-Burns konsakre li nan lekòl magnèt pou plis pase 25 ane. Li te kòmanse karyè ansèyman nan Lekòl Elemantè Crestview, kote li te anseye klas Jadendanfan kòmanse 1986 rive 1990. Li ap travay nan Lekòl Elemantè Sunset depi an 1990, kòm pwofesè premye e  twazyèm ane eskolè e li te sèvi kòm pwofesè anchaj pou Pwogram Magnet Etid Entènasyonal. Li te jwe yon wòl enpòtan nan devlope pwogram magnet depi 1990. Ladrès lidè inivèsèl ak dinamik li ede leve Lekòl Elemantè Sunset nan nivo renome ki fè yo rekonèt lekòl la pou siksè l ki gen ladan Lekòl Magnet Amerik pou Lekòl Magnet Elemantè Ekselan.

Kòm pwofesè anchaj, Pujol-Burns travay pou pwomote chwa, jistis, divèsite ak ekselan akademik pou tout elèv. Li kreye Pwogram Echanj Elèv Mitikiltirèl pou pèmèt elèv divès kilti yo yon opòtinite pou devlope amitye ak konpreyansyon.  Atravè pwogram sa a, elèv yo vizite lekòl len e lòt e angaje yo nan ansèyman kolaborativ ak aktivite kiltirèl.  Lòt kontribisyon siyifikan pou pwogram magnet Sunset la gen ladan inisyativ Chanjman pou Chanjman, yon pwogram ki mete pwofesè, elèv, ak paran  ansanm pou idantifye bezwen kominotè lokal ak entènasyonal e ofri sèvis, bezwen kominote lokal, ak entènasyonal pou lekòl yo e ofri opòtinite pou sèvis ansèyman.

E tou Pujol-Burns se chèman pou Anba Etwal Entènasyonal Nwit, klib liv plizyè lang, ak Klib Fiti Edikatè ann Amerik; Kowòdone pwogram volontè lekòl la e chanm pou gwoup paran; e òganize Selebrasyon Fwa Mondyal la.

Nòt Editè a: Atachman foto

MSA te nonmen, Tere Pujol-Burns (nan mitan), Pwofesè Anchaj Pwogram Magnet Nasyonal Lekòl Elemantè Sunset,  Pwofesè Nasyonal  pou Ane 2013  

###

013-JJS/105/VVL/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès