|
LEKÒL MAGNÈT M-DCPS RESEVWA YON GWO PRIM Resamman, yo te bay Lekòl Mwayen Herbert A. Ammons Prim Lekòl Segondè Magnèt Ekselans Dtè. Donald Waldrip kòm lekòl magnèt segondè egzanplè nan peyi a. Waldrip se fondatè “Magnet Schools of America” (Lekòl Magnèt ann Amerik) e li te premye direktè egzekitif li. Lekòl Mwayen Herbert A. Ammons se te premye “International Baccalaureate (IB)” (Bakaloreya Entènasyonal) “Middle Years Programme (MYP)” (Pwogram Ane Mwayen) yo te ofisyèlman otorize nan Miami-Dade County. Lekòl Ammons ofri pwogram etid rijid sa a bay tout elèv 6yèm – 8yèm ane eskolè li yo ki depase 1,100. Lekòl Leta Miami-Dade County pran fyète nan pwofesè, anplwaye, ak elèv ki nan bonjan anviwònman edikasyonèl sa a ki se Lekòl Ammons la. MSA se yon òganizasyon nasyonal ki reprezante plis pase 4,000 lekòl ak pwogram magnèt. Chak ane òganizasyon an rekonèt lekòl magnèt yo pou angajman yo pou estanda akademik wo, inovasyon nan kourikoulòm, efò desegregasyon/divèsite ki gen siksè, pwofesè ki espesyalize, ak patisipasyon paran nan kominote a. Pi bonè nan ane sa a, 18 sou 94 lekòl leta Miami-Dade County atravè tout peyi a te resevwa Prim dezirab Lekòl Magnèt Ekselans yo. Disèt lekòl magnèt sou 121 te resevwa Prim Merit Lekòl Magnèt Distenksyon. Pa gen lekòl ki te janm resevwa kantite prim sa a nan yon sèl ane lekòl. Pou dezyèm ane konsekitif, M-DCPS te depase tout lòt distri lekòl atravè tout peyi a ak yon gwo eka.
### 13-JJS/106DF/RL
|