|
ENSKRIPSYON POU LEKÒL ETE M-DCPS AP KÒMANSE 20 ME Lekòl Leta Miami-Dade County pral ofri sèvis edikasyonèl yo vize nan lekòl yo chwazi pandan sesyon ete a ki pwograme pou 8 jiyè – 2 out. Yo fè sèvis sa yo pou asiste elèv nan satisfè demand pou nivo akademik ane eskolè yo. Yo ap kòmanse enskripsyon pou Sèvis Ete 2013 pou lekòl elemantè ak mwayen yo chwazi, kòmanse lendi 20 me jiska 9 jiyè. Anplis, elèv nan tout nivo ane eskolè pral ka patisipe nan opòtinite enstriksyon sou Entènèt atravè i-Summer: Learning-On-The-Go atravè Pòtal Elèv la. Pou plis enfòmasyon konsènan elijibilite pou sèvis ete, lekòl ki ouvè ak i-Summer: Learning-On-The-Go, kontakte lekòl pitit ou a oubyen vizite http://summerschool.dadeschools.net/.
### 13-JJS/107/DF/RL
|