POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 14 me 2013   

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO PRAL ENTWODUI YON ADMINISTRATÈ MDCPS NAN “ALUMNI HALL OF FAME” (LIS ONÈ ANSYEN ELÈV SELÈB) KOLÈJ MIAMI DADE

Administratè Lekòl Leta Miami-Dade County, Jose L. Dotres, Asistan Sipèentandan Biwo Jesyon Resous Imèn, pral pami 21 moun yo onore yo pral entwodui nan Lis Onè Ansyen Elèv Selèb Kolèj Miami Dade jedi 6 jen 2013 a 7è diswa.  Seremoni prim nan ap fèt nan Marquis J.W. Marriott Anba Lavil Miami, 255 Biscayne Boulevard Way.

Ansyen elèv eksepsyonèl sa yo reprezante plizyè endistri, ki gen ladan edikasyon, swen sante, biznis, lalwa, espò ak sekirite piblik. Yo chak fè yon gwo enpak nan kominote a.

Pou plis enfòmasyon, vizite www.mdc.edu/halloffame.

###

13-JS/108/HD/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès