|
M-DCPS RANPÒTE GWO ONÈ NAN FWA SYANS NASYONAL Elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pote laviktwa nan Konpetisyon Nasyonal Elèv SECME yo te fè resamman nan Atlanta, GA. M-DCPS gen distenksyon pou l ranpòte tout divizyon nan konpetisyon redaksyon an avèk onè premye plas. Premye onè yo ale jwenn elèv 5yèm ane eskolè - Jhayla Kirkland nan Lekòl Elemantè Carol City, elèv 7yèm ane eskolè - Kasey Riera nan Lekòl Mwayen Lamar Louise Curry ak elèv 11yèm ane eskolè - Stephanie Pardinas Liuzzi nan lekòl Segondè G. Holmes Braddock. Lekòl Elemantè Maya Angelou te pataje premye plas nan Konpetisyon “Mousetrap Car Engineering Design” (Teknik Desen Pèlen Sourit) nan divizyon lekòl elemantè avèk lòt lekòl atravè peyi a. De (2) ekip M-DCPS te plase nan konpetisyon “Water Bottle Rocketry Engineering Design” (Teknik Desen Fize Boutèy Dlo). Lekòl Elemantè Ben Sheppard te ranpòte dezyèm plas nan divizyon lekòl elemantè a, alòske Lekòl Segondè Hialeah Gardens te ranpòte twazyèm plas nan divizyon lekòl segondè a. SECME, ki te fonde an 1975, se yon alyans 50 distri lekòl ki pa la pou fè pwofi, gen plis pase 40 inivèsite jeni ansanm ak ajans e endistri nan 15 eta, Distri Columbia ak Bahamas. SECME pwomouvwa syans, teknoloji, jeni ak matematik pami elèv ki resevwa mwens sèvis e ki gen mwens reprezantasyon pou yo ka etabli divès anplwaye e ki ka fè konpetisyon nan nivo global.
### 13-JJS/110/DF/RL
|