POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 14 me 2013         

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN M-DCPS ALBERTO CARVALHO PRAL PALE NAN TAB WONN SOU VYOLANS ZAM NAN NYC 

MIAMI –Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho pral yon panèlis nan diskisyon tab wonn pou editè jounal ak nouvèl radyo ki gen tit,"Under the Gun: Gun Violence, Gun Laws and the Media,” (Anba Zam: Vyolans ak Zam, Lwa sou Zam ak Medya a), li ap fèt nan Kolèj Jistis Kriminèl John Jay nan Vil New York semèn sa a.

Carvalho se youn nan plis pase yon douzèn ekspè nan plizyè domèn atravè Etazini, Kanada ak Ostrali.  Sipèentandan an pral rankontre ak Jij Willie Lipscomb ki soti nan 36yèmTribinal Distri Michigan e ki se fondatè Pwogram Prevansyon Zam nan Men, ak Connie Rice, direktris ekzekitif Pwojè Avansman nan Los Angeles. Sesyon, "Zam, Gang ak Timoun: Takle Sekirite Zam nan yon Kilti Vyolans," pral fèt mèkredi 15 me 8:30-10è dimaten.

Tab wonn nan pral gen plis pase 15 editè ki ap soti nan gwo jounal ak estasyon radyo piblik atravè peyi a ki pral tande diskisyon sou zam nan sis sijè diferan ki kategorize soti nan politik, sante mantal, lekòl ak atravè lemond.

 

###

13-JS/111/HD/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès