POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 20 me 2013       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

***DIFIZYON FOTO***

SEKRETÈ DEPATMAN TIMOUN AK FANMI VIZITE
SANT ANGLÈ A

David Wilkins (nan mitan), Sekretè Depatman Timoun ak Fanmi, nou wè la a lè li t ap vizite “The English Center” (Sant Anglè A), yon Sant Edikasyon Adilt Lekòl Leta Miami-Dade County.  Nan foto a agoch se Tanya Wilkins, Defansè Anchèf pou Timoun Leta ap Okipe ak Timoun ki Adopte nan eta Florid la e adwat nan foto a, se Hiram A. Ruiz, Direktè Sèvis Refijye pou Depatman Timoun ak Fanmi Florid.   Mesye Wilkins te pale ak elèv, li te vizite salklas e li te aksantye sou sèvis Pwogram “Skills for Academic, Vocational and English Studies (SAVES)” (Ladrès pou Etid Akademik, Vokasyonèl ak Anglè) ki ede kliyan refijye relokalize yo Ozetazini. Yo te premye etabli pwogram SAVES la nan mwa avril 1996, e se yon don ki soti nan Biwo pou Relokalize Refijye, Depatman Sante ak Sèvis Imèn, ki finanse li e Depatman Timoun ak Fanmi Florid administre li. Yo pral selebre Jounen Entènasyonal Mondyal Refijye 20 jen.

###

013-JS/114/GC/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès