POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 21 me 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN ALBERTO CARVALHO OFRI SIPÒ BAY
DISTRI LEKÒL LETA MOORE

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ap ofri sipò bay ofisyèl distri lekòl nan Lekòl Leta Moore apre resan tònad ki devaste plizyè zòn nan Oklahoma. Sipèentandan Carvalho pral ofri rekouvreman dezas ak sèvis konseye kriz pou ede elèv ak fanmi ki afekte yo. 

Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman di, “Nou gen benediksyon anplwaye ki gen talan ki ka ede moun yo ki gen tèlman gwo nesesite apre trajedi terib sa a.” Sipèentandan Carvalho ajoute, "Nou gen obligasyon moral pou n pataje eksperyans nou ak konesans nou avèk vwazen nou ki ap fè fas a moman ki pi trajik nan vi yo."

Nou ap mete disponib Ekip Jesyon Kriz Distri “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), ki gen ladan sikològ, konseye ak travayè sosyal ki trè byen fòme pou ede elèv ak anplwaye ki ap travèsè moman difisil k ap vini yo.

M-DCPS gen kapasite pou l deplwaye yon ekip konseye pwofesyonèl ki ka bay sipò souplas ak fòmasyon nan jere chòk nan lekòl imedyatman apre yon dezas, ansanm ak asistans nan kreyasyon gwoup sipò k ap kontinye.

Ensidan vyolan lekòl oubyen trajedi nasyonal souvan resevwa repòtaj eksesif medya ki lakoz timoun gen konfizyon ak twoub emosyonèl. Souvan yo rele paran ak anplwaye lekòl pou ede timoun jere sitiyasyon apre trajedi sa yo. Ekip Jesyon Kriz Distri a travay avèk administratè lekòl e Ekip ki Reponn a Ensidan kritik pou ofri elèv sèvis entèvansyon apre trajedi.
 
Veteran etablisman M-DCPS ak pèsonèl biwo fonksyònman gen eksperyans nan efò rekouvreman dezas, tankou Siklòn Andrew, e yo gen volonte e kapasite pou asiste moun ki nan nesesite kounye a.

###

013-JJS/115/VVL/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès