POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 21 me 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY ANTRE NAN YON AKÒ PATENARYA AVÈK  “CAMBRIDGE INTERNATIONAL EXAMINATIONS” POU YON PWOLONGASYON  TWAZAN NAN PWOGRAM CAMBRIDGE YO  

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Ofisye Egzekitif Anchèf  “Cambridge International Examinations” Michael O’Sullivan, administratè Distri yo, pwofesè, ak sitwayen ki enterese   
KISA:
Patenarya avèk Cambridge International
KILÈ: 
Mèkredi 22 me 2013, 9è dimaten   
KI KOTE: 
G. Holmes Braddock Senior High
3601 SW 147th Ave
Miami, FL 33185        
POUKISA:

Sipèentandan Alberto Carvalho pral pataje podyòm Lekòl Segondè G.  Holmes Braddock la avèk Ofisye Egzekitif Anchèf “Cambridge   International Examinations” Michael O’Sullivan pou anonse yon pwolongasyon twazan pou Pwogram Cambridge yo.  “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap eksplore nouvo teren kolaborasyon entènasyonal nan antre an patenarya avèk Cambridge International Examinations, yon depatman “University of  Cambridge” ann Angletè.  M-DCPS pral vin premye gwo distri lekòl Ozetazini ki ap bati kalite relasyon sa a.        

 

# # #

13-JJS/116/GC/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès