POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 22 me 2013        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY ANTRE NAN YON AKÒ PATENARYA AVÈK  “CAMBRIDGE INTERNATIONAL EXAMINATIONS” POU YON PWOLONGASYON TWAZAN NAN PWOGRAM CAMBRIDGE YO

Jou 22 me 2013, Sipèentandan Alberto Carvalho pral pataje podyòm Lekòl Segondè G.  Holmes Braddock la avèk Ofisye Egzekitif Anchèf “Cambridge International Examinations” (Egzamen Entènasyonal Cambridge) Michael O’Sullivan pou anonse yon pwolongasyon twazan pou Pwogram Cambridge yo.    

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap eksplore nouvo teren kolaborasyon entènasyonal nan antre an patenarya avèk Cambridge International Examinations, yon depatman “University of Cambridge” (Inivèsite Cambridge) ann Angletè.  M-DCPS pral vin premye gwo distri lekòl Ozetazini ki ap bati kalite relasyon sa a.   

Nan twa pwochen ane yo, M-DCPS pral lanse 80 Pwogram Cambridge nan 70 lekòl, ki gen ladan Pwogram Primè Cambridge nan lekòl elemantè, Pwogram 1 Lekòl Segondè Cambridge nan lekòl mwayen, ak “Cambridge International General Certification of Secondary Education (Cambridge IGCSE)” (Sètifikasyon Jeneral Edikasyon Entènasyonal Lekòl Segondè Cambridge) ak Pwogram Diplòm “Cambridge Advanced International Certificate of Education (Cambridge AICE)” (Sètifika Edikasyon Entènasyonal Avanse Cambridge) nan lekòl segondè. Nouvo lekòl Pwogram Cambridge sa yo pral ajoute sou 20 pwogram ki deja egziste kounye a nan 16 lekòl M-DCPS.

Michael O’Sullivan, Ofisye Egzekitif Anchèf Cambridge International Examinations di, “Nou konnen lekòl Ozetazini ak toupatou nan mond lan vle ofri elèv yo meyè preparasyon pou pwochen etap edikasyon yo, inivèsite e apre. Konsa mwen kontan nou etabli akò sa a avèk Miami-Dade, mwen konfyan, ki pral benefisye elèv ak pwofesè nan lekòl atravè distri a.”
 
Nouvo relasyon sa a pral kontinye siyale Distri sa a kòm yon lidè nasyonal nan pwogram entènasyonal Jadendanfan – 12yèm ane eskolè yo.  Nan nivo lekòl segondè, elèv Pwogram Diplòm Cambridge AICE nan Ronald Reagan/Doral, Miami Lakes Tech, ak Braddock deja resevwa distenksyon paske yo akonpli pi wo nivo nan egzamen Cambridge AICE Ozetazini. Kandida Diplòm AICE Ronald Reagan/Doral Cambridge, Ricardo Gomez akonpli yon nivo Wo nan prim “World Outstanding Learner” (Etidyan Mondyal Ekselan) nan Nivo AS Lang Espayòl Cambridge International. Pwolongasyon an pral pèmèt plis elèv atravè Distri a atenn nivo distenksyon entènasyonal sa a.

Kòm yon eleman nan akò sa a, Lekòl Leta Miami-Dade County pral ofri devlopman pwofesyonèl  fas a fas pou pwofesè nan nivo lekòl elemantè, mwayen, ak segondè atravè twa pwochen ane yo anplis fòmasyon pwofesè sou Entènèt ak sipò kourikoulòm.
Avèk pwolongasyon pwogram Cambridge yo, Lekòl Leta Miami-Dade County pral ofri yon seri kou akademik rijid ki souliyen ladrès analiz, rezolisyon pwoblèm, ak kominikasyon.  Elèv ki resevwa Diplòm Cambridge AICE a ka jwenn kredi pou kolèj oubyen yon plas avanse nan nivo inivèsitè, anplis Bousetid “Florida Bright Futures” la.

Apwopo Pwogram Chwa Lekòl nan Lekòl Leta Miami-Dade County
Pwogram chwa lekòl ofri kou etid san parèy ki vize enterè espesyal, talan ak abilite elèv e yo disponib atravè Distri a. Depi li te ouvri premye pwogram “magnet” (kourikoulòm espesyalize) li an 1973, opsyon magnet ak chwa yo agrandi anpil nan Lekòl Leta Miami-Dade County. Aktyèlman, plis pase 52,000 elèv anwole nan plis pase 375 pwogram magnet ak chwa yo ofri nan plis pase 120 lekòl atravè distri a. Pou plis enfòmasyon, ale nan: www.yourchoicemiami.org     

Apwopo Cambridge International Examinations
Cambridge International Examinations se pi gwo founisè pwogram edikasyon entènasyonal ak kalifikasyon pou elèv 5 a 19 an. Nou se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi e nou fè pati University of Cambridge, youn nan pi gwo inivèsite nan mond lan e yo respekte nou pou ekselans nan edikasyon. Inivèsite ak anplwayè nan mond lan rekonèt kalifikasyon nou yo.
  
Nou deja ap travay avèk 270 lekòl Ozetazini ki ofri Pwogram Cambridge tankou Cambridge IGCSE, Nivo AS ak A Cambridge International ak Pwogram Diplòm Cambridge AICE. Yo atann pou elèv ki ap pran kou Cambridge AICE pou yo pran Nivo AS ak A egzamen Cambridge International, ki se baz diplòm nan.
Pou plis enfòmasyon vizite www.cie.org.uk

 

###

13-JJS/117

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès