POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 22 me 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KOMISYON KONSÈY LEKÒL MIAMI-DADE APWOUVE PLAN RE-ÒGANIZASYON SIPÈENTANDAN AN
Yo Apwouve Nouvo Chèf Polis Lekòl la; Lekòl yo Pral Resevwa Plis Ofisye Polis

Manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade yo apwouve jodi a yon plan re-òganizasyon andwa ki pa lekòl Sipèentandan Alberto M. Carvalho ki pral ekonomize distri lekòl la 10 milyon dola.

Plan an ki baze sou valè pral sou menm liy avèk envèstisman distri a pou rezon byen espesifik. Yo pral redui administratè biwo santral yo, patikilyèman sa ki nan konstriksyon etablisman yo, e yo pral itilize pwogram sèvis sipò jesyon sou kontra pou maksimize dola kapital konstriksyon pou modènize e konstwi lekòl e mete teknoloji ajou.  Yo pral ogmante enspeksyon kontwòl yo pou demontre transparans e asire pwoteksyon takspeyè pou 1.2 milya dola Bon Obligasyon Jeneral la ki te pase an novanm 2012.

Re-òganizasyon an konsolide tou kèk divizyon edikasyonèl pou ankouraje kolaborasyon ak entèaktivite.  Yo pral mete ansanm Matematik, Syans, ak Edikasyon Karyè/Teknik pou maksimize efikasite.  Anplisdesa, plis pase 100 anplwaye biwo santral pral transfere nan lekòl pou ede pwofesè edikasyon espesyal avèk gwo volim travay fòmalite papye.

Yo realiyen Enfòmasyon Teknoloji pou asire Distri a prepare pou konvèjans dijital ak enplemantasyon teknoloji 21yèm syèk la nan elimine kèk pozisyon administratif e re-ekipe resous aktyèl yo.

Re-òganizasyon an vini tou ak nominasyon yon nouvo Chèf Polis Lekòl Miami-Dade.  Ian A. Moffett, yon veteran pou toude Polis Lekòl Miami-Dade e pi resamman Polis Vil Miami, pral pran kòmandman fòs polis distri lekòl la.  Moffett pral gen libète pou anplwaye jiska 25 ofisye polis pou maksimize sekirite elèv nan andwa lekòl yo.

 

###

13-JJS/118/jjs/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès