|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 24 me 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
KONSÈY PREZIDANSYÈL SOU BON KONDISYON FIZIK, ESPÒ AK NITRISYON LANSE PWOGRAM I CAN DO IT, YOU CAN DO IT POU ANKOURAJE MOUN KI GEN ANDIKAP VIV ANSANTE
MIAMI, FL – “President’s Council on Fitness, Sport and Nutrition (PCFSN)” (Konsèy Prezidansyèl sou Kondisyon Fizik, Espò ak Nitrisyon) te kolabore avèk “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pou anonse lansman pwogram “I Can Do It, You Can Do It! (ICDI)” (Mwen Ka Fè L, Ou Ka Fè L!) Evènman an lanse yon apèl alaksyon pou moun ki gen enterè nan tout peyi a ogmante konsyantizasyon konsènan enpòtans aktivite fizik chak jou pou moun ki gen andikap nan enplemante ICDI a nan kominote yo. PCFSN te elaji ICDI pou mete ladan jèn ak adilt ki gen andikap. Objektif la se enplemante pwogram sa a nan 100 nouvo andwa nan tout peyi a pou senk pwochen ane yo.
Baze sou rapò rechèch yo pibliye, moun ki gen andikap gen pi gwo to nan pwa ki depase limit/obezite ak lavi inaktif pase moun ki pa gen andikap. Selon Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi, to obezite pou timoun ak adilt ki gen andikap se 38 pousan e li 57 pousan pi wo pase to pou timoun ak adilt ki pa gen andikap, e adilt ki gen andikap fè aktivite fizik sou yon baz regilye apwoksimativman senkant pousan mwen souvan pase adilt ki pa gen andikap.
ICDI se yon pwogram pwomosyon sante ki adrese bezwen pou plis timoun ak adilt ki gen andikap antre nan aktivite fizik. ICDI fè patenarya avèk lekòl e distri lekòl, kolèj ak inivèsite, e lòt antite kominotè pou ofri pwogram konseye ki fasilite opòtinite aktivite fizik ak edikasyon sou nitrisyon, e ki ofri rekonesans avèk “Presidential Active Lifestyle Award (PALA+)” (Prim Prezidansyèl Viv yon Fason ki Aktif). PCFSN pral bay yon pake enstriman konplè pou pèmèt direktè andwa lekòl ak konseye yo fè siksè nan ofri opòtinite pou timoun ak adilt ki gen andikap yo vin aktif, anmenm tan l ap bay resous apwopriye pou aktivite fizik e ki gen rapò ak nitrisyon pou ankouraje yon vi aktif e ansante.
Direktris Egzekitif PCFSN Shellie Pfohl te antre nan evènman lansman ICDI a, kote li te onore plis pase 1,200 elèv M-DCPS ki gen andikap nan prezante yo prim PALA+ yo. Elèv yo genyen PALA+ nan patisipe nan ICDI, e nan fè aktivite fizik regilyèman avèk yon konseye pandan ane lekòl 2012-2013 la. Pfohl di, “Moun ki gen andikap gen menm bezwen sante avèk tout lòt moun – pandan tout vi yo. Se youn nan rezon ki fè Mwen Ka Fè L, Ou Ka Fè L! ekstrawòdinè konsa. Li ankouraje opòtinite e li gen ladan resous pou toude, jèn ak adilt pou mennen vi ki ansante, e aktif… Men sa se kòmansman an! Genyen toujou anpil moun ki gen andikap ki pa gen aksè a menm kalite opòtinite pou yo rete aktif, e mwen espere edikatè, paran, lidè relijye e kominotè ak lòt moun atravè peyi a ap enskri pou yo vin yon Defansè ICDI e y ap enplemante pwogram sa a nan pwòp lekòl ak kominote yo.”
Pou plis enfòmasyon konsènan pwogram Mwen Ka Fè L, Ou Ka Fè L! e sou kijan pou enskri pou w vin yon Defansè ICDI, vizite www.fitness.gov.
###
13-JJS/0121/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |