POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 24 me 2013       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

ELÈV MIAMI-DADE DEPASE PÈFÒMANS NAN MATEMATIK, REDAKSYON

Elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) demontre pwogrè akademik solid nan matematik ak redaksyon, daprè enfòmasyon Depatman Edikasyon Florid difize jodi a.  Elèv twazyèm ane eskolè M-DCPS depase Eta a ak lòt gwo konte nan pousantaj elèv ki fè nòt nan Nivo 3 e pi wo nan Matematik.  Elèv M-DCPS yo demontre plis pwogrè toujou nan tout nivo ane eskolè yo teste nan redaksyon pase lòt kamarad yo nan tout eta a.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, "Rezilta ekselan sa yo yon fwa ankò demontre tandans grandisman akonplisman elèv Miami-Dade yo… Modèl la revele yon eritaj ansèyman remakab ki ap fèt nan lekòl leta nou yo, malgre defi yon popilasyon ki depase 70,000 elèv ki ap aprann lang Anglè konfwonte.  Gwo akonplisman sa yo se rezilta travay di kontinyèl pwofesè ak administratè."

Pèfòmans elèv twazyèm ane eskolè distri a nan Matematik FCAT 2.0 ogmante plis pase kantite ane pase yo.  62 pousan elèv twazyèm ane eskolè distri a fè gwo nòt (Nivo 3 e pi wo nan Matematik), ki demontre yon ogmantasyon 2 pousantaj pwen sou ane pase.  53 pousan nan elèv sa yo fè gwo nòt nan Lekti, ki fè yo kenbe rezilta wo ane pase yo.

Pou premyè fwa, pèfòmans redaksyon elèv katriyèm ak dizyèm ane eskolè M-DCPS, yo mezire daprè kritè Nòt Lekòl depase pa Eta a.  Senkant-uit pousan tout elèv katriyèm ane eskolè fè nòt 3.5 oubyen pi wo nan Redaksyon FCAT 2.0 an, yon ogmantasyon 11 pwen sou 2012 a 2013.  Karant-nèf pousan nan tout elèv uityèm ane eskolè fè nòt 3.5 oubyen pi wo nan Redaksyon FCAT 2.0 an 2013, ki demontre yon ogmantasyon sou 2012.  Swasant-sis pousan nan tout elèv dizyèm ane fè nòt 3.5 oubyen pi wo nan Redaksyon FCAT 2.0 an 2013, ki montre yon ogmantasyon 7 pwen sou 2012.  Elèv katriyèm ak dizyèm ane eskolè M-DCPS yo gen pi gwo ogmantasyon nan toude, nòt pousantaj yo 3.5 ak 4.0 e pi wo.

Malgre kantite ki pa pwopòsyone nan Elèv ki ap Aprann Lang Anglè nan distri a, elèv twazyèm ane eskolè Miami-Dade yo prèske fè menm nivo pèfòmans ak lòt distri vwazen yo nan Lekti.

 

###

13-JJS/122/JS/SD

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès