|
SIPÈENTANDAN CARVALHO ADRESE IMAJINASYON LIDÈ NAN NEW YORK Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho te vwayaje ale New York City jodi a pou adrese yon reyinyon imajinasyon lidè nan edikasyon nan “Scholastic” (Skolastik), yon konpayi edikasyon ak medya ki pibliye pou timoun global. Carvalho te pale sou redesine edikasyon, estanda debaz komen, e konvèjans dijital. Se Prezidan Scholastic ak Ofisye Chèf Egzekitif Richard Robinson ki te rasanble reyinyon an pou kab revize travay teknoloji inovatif ak angajman fanmi e nan lòt domèn ki fè yon diferans nan amelyorasyon aprantisaj elèv nan Miami-Dade. Ane pase, Lekòl Leta Miami-Dade County te resevwa Prim Broad la pou Edikasyon Iben, yon prim anyèl ki onore distri lekòl atravè peyi a ki ap fè pi gwo pwogrè nan ogmante siksè elèv yo.
### 13-JJS/123/JS/CF
|